Skip to content

A propo de

2022 fè desan ane depi ke Frederick Law Olmsted pran nesans, Kreyatè vizyonè de pak ak plas piblik yo nan Amerika. Gras a yon platfòm pandan tout yon ane avèk anpil gwo lide ak aksyon odasye, Olmsted Kounyea— Desan ane Greater Boston Olmsted — pral fòme e pataje yon vizyon pou yon vil ekitab, vibran e vèt.

Olmsted kounyea

Olmsted Kounyea, Desan ane Greater Boston Olmsted, se yon opòtinite ijan pou bati yon kowalisyon enklizif asosye sivik, san-profi ak asosye kominotè, tout moun gen yon enterè nan fiti pak ak plas piblik sa yo.

Frederick Law Olmsted la te ka vinn genyen 200 ane 26 Avril, 2022. Gen anpil bagay ki chanje nan syèk yo depi li pran nesans. Men, ide santral nan travay Olmsted yo toujou enpòtan jodi a: soti pou-n ankouraje echanj sosyal nan bati yon anviwònman ki sen.

Ane bisantnè a se yon moman pou tout moun poze kesyon de ki sa pak ak plas piblik yo pral siyifi nan ane kap vini yo. Se yon moman pou Greater Boston afime e avanse enpak Olmsted la sou lavi sivik ak sante piblik, angaje rezidan yo enfòme yo de resous komen sa a e entansyonèlman bati ansanm kote ki fleksib ak enklizif.


Rankontre Olmsted

Menm si ou pa janm tande pale de Olmsted, genyen chans ke ou te rankontre — pandan ke ou te chita sou gazon nan pak la, lè wap mache pou al nan travay oswa pandan ke wap eksplore yon katye nouvo yo.

Ou te kapab gen chans pou te wè eritaj pase plis ke 5,000 pwojè ke Frederick Law Olmsted, Sr. (26 Avril, 1822 — 28 Out, 1903), pitit gason li yo, apranti ak siksesè li yo nan kabinè avoka Brookline lan ki fèt atravè 47 eta yo ak plizyè peyi. Olmsted te kreye yon jaden ke yo rekonèt kòm “achitekti jaden flè,” yon disiplin ki kontinye ap fòme ki jan moun fè eksperyans e patisipe nan plas ke yo pataje nan vil yo.

Lè nou antre nan yon pak Olmsted, nan lari oswa katye, nou pa sèlman antre nan yon espas fizik men angaje ak yon lide. Travay nan yon epòk ibanizasyon ak endistriyalizasyon, Olmsted wè plas piblik— ak pak an patikilye — kòm ” pou pwop ou menm prezève tèt pa ou nan sivilizasyon.” Peyizaj pataje sa yo kontinye sèvi nou kòm sit rekreyasyon ak soulajman, nan lavi kiltirèl ak bote natirèl, nan vini ansanm ak pou yo ka wè nou.


Valè ak prensip

Kounyea Olmsted, se yon efò kowalisyon ki ap dirije pou fè pak ak espas piblik pi bon pou tout moun gras a yon itilizasyon pataje, sante pataje ak pouvwa pataje — yon anbisyon ki mande onètete ak transparans. Akoz de sa, Olmsted Kounyea, ap gide pa valè sa yo:

Pratik fè pwogrè. Olmsted te akonpli men li pa pafè nan ankenn fason. Travay li ak opinyon li— ki soti de jounalis ak abolisyon, sante piblik ak sekou ijans, planifikasyon iben ak prezèvasyon natirèl, atizay ak finalman achitekti jaden flè – chanje avèk tan an. Olmsted Kounyea, gade deyè pou-l ka wè travay ki te fèt la ak pespektif nan moman aktyèl nou an. Olmsted Kounyea, li se yon eksperyans imen tou, yon espas ki an sekirite pou kesyone e kritike avèk prekosyon.

Entandans tè a se yon sajès vivan. Depi mil ane anvan travay Olmsted la, moun yo te jere tè ak dlo yo ki kounyea genyen anpil pak yo atravè Gran Boston. Sa a rete yon teritwa tradisyonèl e ki pa sede nan tribi Massachusett, ak yon sit echanj ak tribi Nipmuc ak Wampanoag yo. Li enpòtan pou tou lè de rekonèt eritaj sa yo epi aktivman chèche bon relasyon ak dirijan lokal endijèn yo kòm yon fason pou re-santre konpreyansyon yo genyen sou espas ouvri ki pataje yo. Rekonesans sa a ap evolye avèk aprantisaj pataje.

“Ijans la feròs kounyea.” Olmsted Kounyea, enspire pa prekosyon Rev. Doktè Martin Luther King, Jr. an 1963 ki kont pou pa aji twò ta pou korije enjistis ki la twò lontan. Kounyea li tan pou yo eksplore ki jan ideyal Olmsted yo pou pak ak espas ouvè yo gen rapò ak apèl jodi a pou jistis anviwònman ak jistis espasyal. Mouvman sa yo gen ladan yo diferans nan aksè ke moun yo genyen pou yon anviwònman ki an sante oswa libere nan espas piblik ki baze sou ras, kilti, klas, kapasite oswa idantite seksyèl.

Pèspektif divès ranfòse oriantasyon. Olmsted bay valè ak panse disiplin pwofesyonèl yo e viv eksperyans yo. Olmsted Kounyea, se menm jan ak yon pwodwi ki gen plizyè vwa. Li se yon platfòm ki bay moun priyorite, pwosesis ak asosye sou pwodiksyon de gran pwojè yo. Tout kontak, desizyon planifikasyon entèn yo ak pwogram ekstèn yo gide pa yon ajanda ekite ki klèman santre moun ki pi byen pozisyone yo pou yo evalye ak dirije enpak ki nan kominote yo: katye jèn yo, granmoun aje yo, aktivis, atis ak lòt moun ki te ekskli nan pozisyon ki gen pouvwa.

KISA ISTWA YE?

Pak avèk plas piblik yo se kote nou vini ansanm oswa nou vini detann nou tou sèl. Nan lespri sa a, kontni ki soti nan lié sa se yon refleksyon ki gen yon objektif alafwa komen ak moman prive: istwa ou te disposé pataje. Anpil sous, opinyon ak lenk yo bay isit la pa Kounyea Olmsted, yo te revize pou rasire yo avanse valè yo nan bisantnè a; sepandan, moun kap kontribiye yo genyen dwa ak responsablite pou kontni yo bay la. Kounyea Olmsted ap akeyi yon dyalòg aprofondi nan espas piblik vityèl sa a.

Pataje ide-w