Skip to content

Olmsted ki se Pak Ekite ak Sibvansyon Jistis Espasyal Kounyea

Komite Katye yo

| 7 min read

Nouvo dat limit pou soumèt sibvansyon: 11:59PM, 3 Jen, 2022

Sesyon enfomasyon po sibvansyon ap fèt nan Zoom


9 Me, 6:00 – 7:30 pm


17 Me, 12:00 – 1:30 pm

Aplike pou Olmsted ki se Pak Ekite & Sibvansyon Jistis Espasyal Kounyea

Komite Katye yo an kolaborasyon avèk Emeral Necklace Konsevasyon te lanse Olmsted ki se Pak Ekite ak Sibvansyon Jistis Espasyal Kounyea. Nou ofri 5 sibvansyon a $20,000, 5 sibvansyon a $10,000 epi 10 sibvansyon a $5,000. Yo bay chak sibvansyyon avèk entansyon pou eksplore kijan nou kapab chanje ide “pak ekite” a tankou yon aksyon estratejik.

Poutèt sa nou envite kreyatif ak oganizasyon ki pa konn chante ak/oswa kap parèt, ansanm avèk atis ki gen bèl vwa ke nou byen konnen pou anime espas vèt yo. Nou entere avèk tou de gwo-pwofil, espas pak ki gen anpil trafik avèk katye ki pa itilize espas vèt yo, tankou bagay pou pwote anviwonman avèk/ oswa fam yo. Ide a se pou yo kapab atire vizibilite sou tou de sit ak atis—moun ak espas yo ki ta kapab envoke yon nouvo kalite enèji tout otou jistis espasyal nan Boston lè yo bay resous estratejik yo.

Sibvansyon sa a se pou atis, kreyativite, kolektif, oganizate kiltirèl ak biznis lokal kap viv epi/oswa travay nan Boston. Konsa, nou rekonèt ke relasyon nan yon plas yo konplike e ke  yo te deplase epi efase moun nwa, Indijèn, moun koule yo epi yo retire avèk fòs ak jantrifikasyon nan Vil (nan/ de/pou) plizyè jenerasyon. Nou rekonèt epi respekte Moun Indijèn yo avèk tèritwa tradisyonèl yo. Tankou, si ou menm oswa kolaborate-w yo pa localize nan Vil Boston, di nou sa nan aplikasyon-w nan kijan ou relate avèk Boston ak ki relasyon pwojè-w la genyen ak Vil la ak istwa sa a.         

Pwojè ki selekte/evènman ap bezwen pran plas ant Jiyè jiska Oktob 2022. Adisyonèlman avèk sipò finansyè, benefisyè yo pral resevwa asistans avèk pèmi, sipò operasyonèl ak maketing de Emerald Necklace Konsèvasyon ansanm ak fòmasyon.

KRITÈ SIBVANSYON:

(1) Lokal Boston, atis nan Massachusetts / kreyativ/ kolektif/ òganizatè kiltirèl/ òganizasyon/ biznis lokal ki gen lyen solid nan kominote a (Si ou menm oswa kolaboratè w yo pa lokalize nan vil Boston, di nou sa nan aplikasyon w lan kijan w gen rapò ak Boston ak ki relasyon pwojè w genyen ak vil la)

(2) Ekite: 
Konsantre sou chant ki pa koni avèk nouvo atis/kreyativ/kolektif/òganizatè kiltirèl/òganizasyon/biznis lokal yo ki aktif, espas vèt tankou Boston Commons la, Franklin Park ak Back Bay Fens.

OSWA
Konsantre sou pak ki pa itilize yo ak espas vèt nan katye lokal yo dwe aktiv pa atis/kreyativ/kolektif/òganizatè kiltirèl/òganizasyon/biznis lokal ki gen anpil eksperyans ki byen koni.

(egzanp: yon atis ki pa gen okenn notoryete ak yon etik travay pwouve nan 3-5 ane, espas piblik aktiv nan yon efò pou angaje ak akeyi manm kominote yo, espesyalman moun ki sistematikman ekskli, nan zòn ki byen koni ak byen frekante tankou Fenway oswa yon òganizasyon ki byen koni tankou BAMS (Boston Art & Music Soul) Festival kap aktive yon ti pak lokal nan yon Katye nan Dorchester nan yon pèfòmans aprè midi)

(3) Plas: Ouvè a tout espas vèt nan vil Boston, konsantre sou revitalize pak ki pa itilize yo (espas vèt yo kapab genyen tou fèm, ak bagay pou pwoteje anviwonman an, elatriye)

(4) Genyen yon plan konplè pou egzekisyon pwojè a (ki gen ladan delè ak bidjè)

REMAK: Yon minimòm 20% de bidjè a obligatwa pou konpanse atis/kreyativ/ òganizatè kiltirèl/ òganizasyon/ biznis lokal la (egzanp yon pwojè ki bezwen yon sibvansyon $5,000  dwe totalize jiska $4,000. $1,000 ki rete a se konpansasyon pou atis la/). kreyatif/ kolektif/ òganizatè kiltirèl/ òganizasyon/ biznis lokal.)

(5) Evènman/Eksperyans: Nou ap chèche yon pakèt eksperyans ki pral fèt nan pak piblik ak espas vèt nan Boston ki gen ladan men pa limite a ar piblik, evènman mizik, fòmasyon, rakonte istwa, yoga ak fè egzèsis, elatriye pou atire ak angaje rezidan Boston yo ak lòt ankò. Pwojè selekte yo / evènman yo ap oblije fèt ant Jiyè jiska Oktòb 2022.

(6) Nou ankouraje aplikan yo pou yo patisipe nan yon sesyon enfòmasyon sou Sibvansyon Olmsted ki Kounyea Ar Piblik ak Jistis Espasya. Tanpri kontakte Joelle Fontaine nan Joelleds4si@gmail.com si-w pa ta kapab ale nan lè pwograme yo. Sesyon enfòmasyon sou sibvansyon yo ap fèt 9 Me a 6:00pm – 7:30pm ak 17 Me a 12:00pm – 1:30pm nan zoom.

RESOUS: Tcheke Plan Espas Ouvè Boston an ki anba a pou jwenn yon lis pak lokal yo kòm kote ki posib pou pwopozisyon w la.

Plan Espas Ouvri nan Boston: 

https://www.boston.gov/departments/parks-and-recreation/updating-seven-year-open-space-plan

KIYÈS KI KOMITE KATYE YO

Pou oryante planifikasyon bisantnè, Emerald Necklace Konsèvatwa te komisyone Stephen Gray, Pwofesè Asosye nan Harvard, avèk kabinè Grayscale Kolaboratif li a pou fè yon analiz ekite ak plan aksyon. Fondasyon sa a te gide òganizatè Olmsted Kounyea yo pou yo fè plis pase “enkli” kominote ki te istorikman estriktirèl ekskli nan pran desizyon pak nan Greater Boston. Bisantnè a te vinn yon opòtinite pou rekonèt ak afime pouvwa nan katye yo pou imajine nouvo fason yo pou fè eksperyans ak aktive espas piblik, ak re-santre desizyon pwogramasyon kote yo bezwen ye: nan kominote a.

Komite Katye yo te fòme pou reyalize sa a. Li gen ladann dirijan entèjenerasyonal kap travay nan katye Franklin Park Roxbury, Grove Hall, Mattapan ak Dorchester. Komite a gen ladan vwa jèn ak granmoun aje, atis ak edikatè, direktè ki pa fè pwofi yo, ansanm ak òganizatè kominotè ak ti biznis yo. Design Studio for Social Intervention (DS4SI), (DS4SI), ekspè Boston yo nan jistis espasyal ak fè-l piblik, fasilite fòmasyon manm Komite a nan fè-l piblik ak jistis espasyal, demann efikas pou pwopozisyon pwogramasyon, kritè pou seleksyon sibvansyon, bati kowòt pou sibvansyon, pwomosyon evènman, kiltivasyon odyans lan ak opinion otantik kominote—tout sa se atravè yon lantiy ekite kiltirèl. DS4SI te gide Komite Katye yo pou rafine kritè pou distribye $200,000 nan finansman pou pwogram bisantnè kominote a te pwodwi.

Manm aktyèl yo nan Komite Katye yo konn rankontre depi Janvye 2022:
Andrew Sharpe, Authentic Caribbean Foundation
Anita Morson-Matra, Baldwin in the Park
Ambar Johnson, Livable Streets Alliance
Barrington Edwards, Artist
Biplaw Rai, Comfort Kitchen
Jay Lee, Franklin Park Coalition/ City of Boston
John Linehan, Franklin Park Zoo/ Greater Grove Hall Main Streets
Karenlyn Bunch, Greater Grove Hall Main Streets
Karen Young, Artist
Asiyah Herrera, 826 Boston
Nakia Hill, 826 Boston
Paul Willis, 826 Boston
Youth Literary Advisory Board, 826 Boston
Pat Spence, Urban Farming Institute
Shavel’le Olivier, Mattapan Food & Fitness
Kay Savage, Mattapan Food & Fitness

Se Fon “Come Together” Komite Direktè Konsèvasyon Emerald Necklace la ak pi gwo kowalisyon Olmsted Kounyea ki te rasanble $200,000 nan fon pwogramasyon yo avèk Komite Konfyans Katye yo.

Dat limit pou soumèt Sibvansyon an se: 3 Jen, 2022 a 11:59 PM

Aplike pou Olmsted ki Parks Equity Kounyea & Sibvansyon Jistis Espasyal

Pataje istwa-w